Shein Club se yon pwogram manm peye "Prenium" ki disponile sou platòm SHEIN, li fèt pou moun k'ap fè acha souvan e ki vle rabè eksklizif, rekonpans adisyonèl, ak benefis pèsonalize. Manm nan abòdab epi li ofri avantaj ki pa disponib pou itilizatè regilye yo.
Benefis ki gen nan Shein Club
Shein Club la se yon pwogram fidelite ki ofri manm li yo avantaj eksklizif, tankou rabè, pwen doub, ak koupon livrezon gratis. Avantaj prensipal yo enkli yon rabè 5% sou pifò pwodwi yo, pwen doub sou chak acha, koupon livrezon gratis peryodik, ak aksè a pwomosyon eksklizif. Anplis de sa, manm yo ka jwi rabè ak avantaj sipriz, tankou koupon 30% rabè nan sèten jou nan mwa.
✅ Rabè 5%: Manm Shein Club yo gen aksè a yon rabè eksklizif 5% sou pifò atik ki sou platfòm nan.
🛒 Pwen Doub: Lè manm yo akimile pwen sou acha yo, yo touche doub pwen konpare ak moun ki pa manm, sa ki pèmèt yo ekonomize plis sou prochèn acha.
💳 Kredi pwomosyonèl (lajan bonis) yo bay apre sèten acha. Yo ka itilize l pou peye kòmand nan prochèn acha, men gen limit chak jou ak chak mwa.
🚚 Koupon Livrezon Gratis: Manm yo resevwa koupon livrezon gratis detanzantan, sa ki pèmèt yo fè acha san yo pa enkyete sou pri livrezon.
🎁 Kado eksklizif oswa pwodwi gratis disponib pou reklame yon fwa pa peryòd (si disponib).
📞 Sèvis kliyan priyorite, ak yon sipò pi rapid e pi espesyalize.
💰 Rabè ak avantaj sipriz: Anplis avantaj nou mansyone pi wo yo, Shein ofri rabè ak avantaj adisyonèl ki ka varye, tankou koupon 30% rabè nan sèten jou nan mwa.
Konsèy👉: Shein Club la vo sèlman si ou konnen kijan ka pwofite l. Planifye acha w yo, tcheke ki rabè ki aplikab, epi evalye si reyèlman w'ap itilize avantaj yo plis ke yon fwa.