Ou merite gen bon jan enfòmasyon presi e fyab.
Nan fen ane 2019 DonEthe nou konnen sou Joseph Etheard jounen jodi a, li t'ap fè yon ti rechèh nan lang natal li, li p'at satisfè ditou koz p'at gen sous enfòmasyon l te bezwen an.
Nan Janvye 2020, lide a ap bwase. Se te sèlman yon vizyon, yon rèv sou kijan pou m fè yon zouti rechèch ki diferan, ki senp e itil.
Nan mwa novanm 2021, premye kòd yo ekri, premye estrikti yo pran fòm. Se te baz pwojè a, yon sit kote ke'w ka chèche kèk done senp.
Pandan tout 2022-2024, pwojè a antre nan yon etap devlopman reyèl. Fonksyonalite yo ogmante, tès ap fèt, sistèm nan ap amelyore. Sit la vin gen plis kapasite pou bay rezilta rapid e òganize.
Apre anpil efò, koreksyon ak amelyorasyon, dimanch 3 out 2025 sit rechèch la te finalman lanse. Se te yon gwo reyalizasyon, paske sa ki te yon senp panse ka vinn yon zouti.
Demokratize aksè a enfòmasyon atravè teknoloji rechèch avanse, bay rezilta egzat, rapid, e enpòtan ki pèmèt moun pran pi bon desizyon nan lavi pèsonèl ak pwofesyonèl nou.
Objektif prensipal KonnenPlis se fasilite ak amelyore rechèch enfòmasyon sou Entènèt la, ak lòt resous dijital, pou ede itilizatè yo jwenn enfòmasyon, repons, solisyon, oswa kontni ki enpòtan sou sijè espesifik ki enterese yo.
Dèyè chak inovasyon gen yon ekip pasyone, solid, e kreyatif. Se moun sa yo k'ap mete tout kè yo pou KonnenPlis vin pi bon chak jou.
Enjenyè enfomatik, vizyonè, ak 7 ane eksperyans nan devlopman zouti rechèch ak inovasyon dijital.
Doktè nan syans òdinatè, ekspè nan Machine Learning ak algoritm rechèch. Li mennen tout inovasyon teknik yo.
Atis dijital ak ekspè UI/UX. Li kreye eksperyans vizyèl ki fè itilizasyon sit la vin pi agreyab ak aksesib.
Èske ou gen kesyon oswa ou vle fè pati ekip nou an?
Email: KonnenPlis
Group:
Gwoup Telegram